Lanmou youn pou lòt se yon bagay totalman natirèl. Yon jou yon fi oubyen yon gason ap santi nesesite pou li apwoche yon lòt pou li avwe santiman lanmou nan kè li pou moun sa a.
Anpil moun deja pase nan sitiyasyon sa a. Lanmou tèlman pwisan li pa konnen ras, ni koulè moun paske kote ki genyen renmen tout bon, anpil baryè rive kraze epi anpil koutim oubyen mantalite tonbe. Lanmou menm travèse fwontyè, de moun ki konn soti nan de peyi diferan yo konn rive tonbe damou epi yo fonde fwaye yo. Pafwa moun yo konn pa pale menm lang men yon kouran lanmou pase nan mitan yo, youn vin rive konprann lòt se vrèman yon bagay ineksplikab brèf.
Pafwa lanmou konn sibi anpil difikilte e menm anpil gwo pwoblèm pou yon kesyon de relijyon. Anpil moun menm rive di relijyon divize anpil sosyete, frè pa danse kole ak frè, sè pa nan pale ak sè, manman nan litij ak pitit, pitit nan pwoblèm ak papa pou yon kesyon de relijyon. Youn se advantis, lòt la se pwotestan, genyen ki se katolik epi genyen tou ki se temwen Jewova. Nan yon fwaye kote ki genyen tout kalite relijyon sa yo si pa genyen bon konprann ebyen pap janm genyen bon antant paske relijyon vin mete moun yo dozado.
Nan kesyon lanmou menm se pi rèd si m se advantis mwen pap ka janm renmen ak yon temwen Jewova, si m se katolik li pap janm bon pou m renmen ak yon pwotestan. Mezanmi wo, bagay sa yo merite sispann wi, gade travay relijyon fè nan yon sosyete. Pafwa konn menm genyen gwo egzijans swa kay fi a oubyen gason an pou di si ou vle m vre se pou ou vini nan relijyon pa mwen an e pou wè sa anpil fi oubyen gason rive pran nan chantaj sa a vre, poukisa sa dwe konsa?
Eske sa nan plan Bondye vre pou genyen tout divizyon sa yo menm nan zafè renmen ?
Yo rakonte istwa yon jèn predikatè, kite trè zele nan legliz kote li ap evolye a, yon jou li rankontre yon bèl demwazèl, li tonbe pale ak demwazèl la, demwazèl la santi pawòl mesye predikatè sa vle mache nan san li, aprè plizyè mwa ap pale, demwazèl la vin renmen ak predikatè a, yon jou demwazèl la deside mete paran li okouran de renmen an, premye kesyon paran yo poze demwazèl la ki relijyon mesye a, demwazèl la reponn li se pwotestan. Paran demwazèl la di non sa pap ka fèt paske nou se temwen Jewova, di mesye predikatè sa si li renmen ou tout bon se pou li vin jwenn ou. Demwazèl la santi li li boulvèse anpil paske li renmen mesye a anpil. Demwazèl la kòmanse bay tèt li pwoblèm paske li pa konn kijan pou li di mesye a sa. Mezanmi, ou wè pwoblèm zafè relijyon yon moun vin poze nan yon relasyon lanmou. Yon jou demwazèl la deside di predikatè a li pap ka renmen ak li ankò paske paran li yo pa vle epi yo se temwen Jewova. Predikatè a santi li mal, li renmen demwazèl la anpil, li pa vle kite demwazèl la ebyen li pran desizyon al nan relijyon demwazèl la, yo vin marye men mesye a pa janm santi li alèz paske relijyon te vle divize li ak lanmou li genyen pou demwazèl la. Malgre jan sa ye yo deside ap viv paske youn te vrèman renmen lòt.
Genyen anpil koup ki konn rive genyen anpil gwo pwoblèm pou yon kesyon relijyon, èske se yon bon bagay ? Genyen advantis ki marye ak Pwotestan, genyen katolik ki rive marye ak pwotestan, youn nan gwo bagay pou moun sa yo dwe evite se pa kite zafè relijyon antre nan renmen yo epi fwaye yo pral fonde a, se sèten Bondye pat janm mande sa men anpil moun rive pran nan pyèj sa. Genyen gason ki renmen yon fi poutèt zafè relijyon, fi a konn pa vle paske li di gason sa pa nan menm relijyon ak li, men gen de gason ki konn rive fè sanblan yo aksepte tout bagay, yon dakò konvèti yo nan relijyon fi a, yo ka vin advantis, yo ka vin temwen Jewova oubyen yo vin pwotestan aprè kou yo fi marye yo retire kò yo paske yo di yo pat marye ak reliyon men se ak yon fi yo renmen yo marye epi yo pa janm bay relijyon regle anyen pou yo.
Li toujou bon pou genyen bon konpreyansyon nan dosye zafè relijyon nan yon koup, poukisa moun yo ap priye yon menm Bondye poutèt relijyon yo diferan yo pa kapab ansanm ? Bagay sa yo mande anpil refleksyon epi rive jwenn vrè koz andikap sa a. De moun ki genyen matirite kote lanmou ini yo pa ta dwe janm tonbe nan sitiyasyon difisil sa a, okontrè yo dwe fè prèv moun ki kapab reflechi ak sa yo vle epi sa kap bon pou yo. Lanmou dwe vole sou tèt tout bagay sa yo, kote ki genyen vrè lanmou anpil baryè ap tonbe, pap ka genyen okenn kondisyon paske lanmou pi fò, li pi sensè, li pi konpreyansif elatriye. Si yon moun vle kite relijyon divize li se li ki vle sa paske lanmou pa genyen kondisyon, lanmou pa fè soufri, lanmou pa fè okenn bagay malonèt, lanmou pa divize moun okontrè li rasanble moun pito, kèlkeswa ras, koulè, relijyon, kapasite yon moun lanmou toujou pi wo se sa ki sanble lojik epi sèten.
Viv yon lanmou san kontrent, san pwoblèm, san kondisyon pote anpil bonè ak kè kontan nan mitan koup yo. Lanmou koud moso ki te chire, lanmou soude kè ki te separe, lanmou pote anpil bon bagay nan lavi anpil moun ki konn sa sa vle di vrèman. Relijyon yon moun pa dwe janm yon andikap pou li rive jwenn moun kè li dezire a. Viv yon lanmou san kontrent se yon benedisyon.