Relasyon Entim 3

Eske fi yo ap rive leve defi pou koutize gason yo renmen an san difikilte vre?

Gason ak fi pa genyen diferans nan zafè renmen. Menm sa yon gason ka resanti pou yon fi li renmen se menm bagay la tou yon fi ka resanti pou yon gason li renmen. Kounye a,  kijan yo kapab leve tout defi epi kraze tout baryè ki anpeche yo avanse?

Li pa janm fasil pou premye pa a fèt, fòk ni gason an ni fi a konn sa byen. Tout sa yon moun vle reyalize nan vi li, li dwe brave danje, li dwe genyen kouraj pou li rive fè li paske pa janm genyen okenn bagay ki toujou garanti davans sa mande anpil odas pou rive atenn yon objektif ki vize.

Advertisements

Gason yo dwe chanje mantalite yo pou montre elegans yo lè yon fi vin abòde yo sou kesyon renmen. Yo pa gen dwa trete fi sa a mal poutèt li rive apwoche yo sou kesyon zafè renmen. Se vre nan mantalite ayisyen ka sa yo pa prezante souvan pou se fi ki pale ak gason menm ke fi sa a ta santi lanmou nan kè li pou yon gason li renmen ap trakase lespri li. Tout fi ki egziste pa dwe ap soufri pou yon kesyon lanmou, lanmou twò bèl epi enpòtan nan lavi tout èt vivan, pa dwe janm genyen move entèpretasyon de yon fi ki rive abòde yon gason li renmen.

Medam souple nou konn kiyès nou ye deja, nou konn tout sa pou nou fè pou n rive pran kè gason nou renmen an, pa pè ni bay okenn valè ak sa moun ka panse de nou dayè nou toujou kokèt, nou bèl, nou santi bon epi nou trè fòme tou sou plan entèlektyèl. Poukisa nou kite nou pran nan pyèj moun kap pale nou mal epi gason yo ka panse mal de nou, yo ka trete nou de nenpòt bagay si nou avwe lanmou nan kè nou pou yo, pa bay vye refleksyon sa yo okenn enpòtans. Se lontan anpil fi te depann a 100 % de gason ki fè anpil gason te maltrete yo epi pa respekte valè yo, men kounye a nou ap viv nan yon tan eklere kote pa genyen diferans ant nivo edikasyon yon gason ak yon fi epi medam yo mete anpil konesans nan tèt yo. Kidonk gason pa genyen okenn rezon valab pou ta panse mal de yon fi ki vin abòde yo, ki di yo li renmen yo.

Advertisements

Matalite timoun sa yo kay gason yo dwe sispann. Kit yo renmen fi a kit yo pa renmen li, yo pa dwe janm panse mal de li paske renmen se yon bon bagay li ye, li bèl, li pwòp, li pote lajwa, li pote bonè ak anpil lòt benediksyon nan lavi moun ki konnen valè sa lanmou ye tout bon.

Li pa toujou fasil pou jwenn temwanyaj fi ki te rive koutize swa mari yo oubyen mennaj yo genyen kounye a. Men genyen kèk gason ki te rive bay temwanyaj yon fi ki te rive koutize yo.

  • : « Genyen yon demwazèl ki sou katye kote mwen rete a chak jou li di mwen li genyen yon bagay pou li di mwen, men li pa janm vle, yon jou pandan li rankontre ak mwen li kenbe mwen nan pale, li di mwen : tande non sa m genyen pou m di ou a depi lontan an èske ou pap pran sa mal ? Mwen reponn li non okontrè mta byen renmen konnen sa ou gen pou di mwen , se lè sa a li ap di mwen li pa rayi mwen ditou, mwen trè janti, sou katye a mwen respekte tout moun, mwen sou lekòl, mwen pa frekan kidonk li wè nan mwen yon moun pou l ta fè vi li sa se konsa yon fi te rive abòde mwen epi li di mwen li renmen mwen anpil. »
Advertisements
  • : « Chak jou genyen yon demwazèl ki ap banm kontwòl ke mwen pa janm konnen, yon jou yon okazyon prezante kote mwen te genyen  yon travay  pou m te fè lakay li kote mwen te vin pran mezi tout sa mwen te genyen pou m fè nan kay paran demwazèl sa, lè mwen te fin pran mezi a,  mwen mande kijan mwen ap fè voye devi a,  rapidman demwazèl la banm nimewo li epi mwen jis voye devi a sou telefòn li, li tou kenbe nimewo mwen, li tonbe ekri mwen epi rele mwen. Li toujou ap swete mwen tout bon bagay. Alafen demwazèl la avwe mwen li renmen mwen epi kounye a nou marye. »
Advertisements
  • : « Yon jou mwen tal nan maryaj yon kouzen mwen, gen yon demwazèl ki wè mwen, men li pa konn kote pou li mete kò li, li vin kote mwen, li vin ap pale ak mwen, li ap mande mwen kiyès mwen ye, mwen pale ak li, mwen di li ki moun mwen ye epi li mande mwen telefòn mwen, li tonde ekri mwen epi li menm ekri mwen sou papye pou li di kijan li apresye mwen, men malerezman mwen pat renmen demwazèl la, mwen te jis di li li ka zanmi mwen epi nou vin de bon zanmi, menm demwazèl sa a al koutize yon lòt zanmi gason mwen, kounye a yo marye epi yo ap viv ansanm ».

Relasyon lanmou yon fi ak yon gason se yon bèl bagay li ye. Yon fi dwe alèz deklare sa li santi nan kè li pou yon gason. Fi jounen jodi yo antijan pi kare, yo konpetan, yo edike, yo bèl, yo fre, yo genyen tout kalite yon gason ap chache nan yo. Depi yon fi ranpli tout kondisyon li lib pou li pale ak moun li renmen epi kapte kè li. Gason yo dwe pi rilaks, pi konpreyansif pou yo pa pran sa mal paske yon fi vin abòde sou kesyon renmen. Lanmou twò bèl, li pwòp, li sakre pou moun ap fè li soufri.

Leave a Comment

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Login

Scroll to Top
%d bloggers like this: