Relasyon Entim 2

Poukisa li toujou difisil pou yon fi rive deklare yon gason li renmen li ?

 Lanmou se yon bon bagay li ye, lanmou pote anpil kè kontan nan lavi anpil moun ki konn valè sa renmen ye vrèman.

Nan anpil sosyete se gason ki toujou fè premye pa a sa vle di se gason an ki toujou al deklare yon fi li renmen li. Anpil fi twouve sa nòmal se yon gason yo ap tann vin pale ak yo poutan yo konn renmen yon gason yo pa vle janm mache sou gason sa a pou di li yo renmen li.

Kisa ki koz tout pwoblèm sa a yon fi pa janm rive santi li alèz vre pou li deklare yon gason li renmen li ?

Advertisements

Kèk medam rive bay pwòp opinyon yo pou di sa yo panse ki koz li difisil pou yon fi deklare yon gason yo renmen li ?

Men sa kèk medam rive di :

  • : « Gen anpil gason ki pa reyaji menm janm ak fi lè yo pa renmen li, men pou yon fi lè li pa renmen yon gason li ap di li sa kareman, men pou gason an li te mèt pa renmen fi li ap pwofite de li ».
  • : « Anpil fi yo pè pou gason an pa repouse yo, epi yo ap santi yo jennen pou si gason an ta di non li pa dakò ».
  • : « Li vrèman difisil sitou an Ayiti paske koutim nou se gason an ki abòde fi a paske pi fò gason yo konn twouve li mal pou wè se yon fi ki vin pale ak yo epi yo twouve fi a pèlen pou sa, fi sa a cho ».
  • : « Pi fò gason panse li mal lè yo wè yon fi vin pale ak yo sou kesyon renmen, lè se fi a ki vin koutize yo, yo vin wè fi sa a cho, san yo pa konprann lanmou fi a genyen pou gason sa a ka reyèl. Gen gason ki pa konprann sa, yo konn pran sa mal epi yo abize fi sa a, yo konn derespekte fi sa a jis yo kite yon sikatris pou fi sa a. Sa plis rive nan peyi pa nou Ayiti, yon mank edikasyon ki ka koz sa. Gason yo konn panse yo siperyè ke fi yo, sa ki konn fè yo twouve sa mal pou fi vin koze ak yo ».
Advertisements
  • : «  Nan koutim pa nou an Ayiti gen gason ki wè sa mal pou se yon fi ki vin pale ak yo. Pafwa yon fi konn wè yon gason li renmen men gason an pa vin pale ak li, se pa nan nòm nou an Ayiti, li vrèman difisil, gason konn itilize sa kòm repwòch pou fi a lè yo genyen pwoblèm ak li, li gen dwa di  an palan de gason an, ou pa wè se ou ki te vin koze ak mwen, li itilize sa kòm jouman pou fi a. Anpil gason konn ridikilize fi a pou sa. Genyen fi ki konn pè paske yo pa konn ak ki repons yo pral jwenn de gason sa a. Tandike sa diferan nan anpil lòt peyi, fi yo genyen kran pou mache sou gason yo pou deklare yo renmen li epi genyen fi menm ki konn rive ofri gason sa a yon bag pou di yo renmen li, elatriye. Epitou antanke fi msanti mwen pi fanm lè se yon gason ki vin koze ak mwen».
Advertisements

Se vre,  anpil fi bay opinion yo pou pwouve li difisil sitou nan peyi Ayiti pou yo rive koutize yon gason yo renmen paske gason an ka pran sa mal men yo bliye sa se nan panse yo tout refleksyon sa a soti. Ki gason ki ta wè yon fi ki genyen anpil bèl kalite, ki byen fòme, ki genyen yon mastè oubyen yon doktora nan men li pou gason sa a ta gade fi sa a mal, lwen de la. Tout fi dwe pran kouraj yo deklare lanmou yo pou gason yo renmen an paske lanmou pa genyen tout refleksyon banal sa yo, okontrè yo fè lanmou ki nan kè yo a plis mal lè yo pa vle deklare li, nan ap imajine sa moun pral panse de yo epi sa gason an pral di. Yon vrè fi pa nan tout bagay sa yo depi li konnen tèt li, li serye li pa bezwen genyen okenn kontrent pou li deklare lanmou sensè li genyen nan kè li a san pwoblèm. Li dwe mete de kote tout mantalite, tout mit, tout koutim ki ka anpeche li wè bonè li. Gen fi ki kare, yo ap mache kareman sou gason sa a pou yo di li yo renmen li, kit li vle kit li pa vle, yo ap fè tout kalite jès pou yo rive sou gason sa a.

Genyen anpil bon gason serye, onèt, sensè deyò a, yo pap janm jije yon fi mal ki vin koze ak yo okontrè yo ap wè fi sa a gran. Ebyen medam jwèt pou nou, pa pè ni genyen okenn krent koutize nèg nou renmen paske se nou ki konn sa nou vle.

Advertisements

Fi pa dwe janm pè gason pou pale ak yo, kit gason an dakò, kit li pa dakò. Fi a ka jwenn vrè gason ki renmen li a. Okontrè se yon gran prèv damou, grandè si yon fi genyen kouraj pou li avwe santiman li bay yon gason. Gason ki rele gason tout bon an pa ta dwe janm pran sa mal. Gason sa a dwe gade fi sa a wo, li dwe ba li anpil valè, respè ak onè paske lanmou sensè pa janm genyen tout pwoblèm sa yo. Lanmou se yon bagay ki pwòp, sensè, serye epi onèt li ye. Pa dwe janm genyen pwoblèm nan renmen paske lanmou soti nan Bondye, sa vle di li sakre.

Leave a Comment

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Login

Scroll to Top
%d bloggers like this: