Nesesite pou moun ki genyen anpil lajan nan peyi Dayiti envesti nan pwòp peyi yo.
Anpil peyi kote ki genyen yon bon sektè prive, kote moun ki rich ap envesti san gade dèyè, ebyen peyi Dayiti genyen nesesite sa tou. Se pou moun ki pwòp pitit Ayiti envesti ladann, kit yo ap viv nan peyi a, kit yo ap viv nan lòt peyi etranje. Sa anpil moun ki genyen anpil mwayen ekonomik an Ayiti pa konprann, lòt peyi pap janm pi sousye de byennèt Ayiti. Se pwòp ayisyen ki pou envesti san gad dèyè ladan li paske peyi a bezwen sa anpil. Moun ki rich ke yo rele boujwa yo dwe konprann se lè yo envesti lajan yo nan pwòp peyi yo, yo ap genyen plis rekonesans. Si pa egzanp moun ki rich sa yo ta enkyè pou yo envesti, nan kreye travay nan peyi yo, yo ka mande leta pou kreye yon klima ki pwòp, ki genyen sekirite epi pou leta pwoteje envestisman yo. Yo ka fè leta egzijans sa pou yo pa pè envesti nan peyi yo Ayiti. Olye pou yon moun ap anpile lajan an Ayiti pou al sere nan lòt peyi, yo ka envesti pito an Ayiti paske peyi a bezwen sa anpil. Moun rich sa yo dwe konnen majorite kòb yo fè se nan peyi a yo fè li, kidonk yo dwe bay kontribisyon pa yo an retou pou peyi ka rale yon souf nan sitiyasyon difisil li ye a sou plan ekonomik.
Kèk konsèy pou moun ki boujwa yo ki fè pati sektè prive a an Ayiti.
Mesye, dam boujwa nan peyi Dayiti, yon ti konsèy byen senp, si nou vle toujou vin pi rich se evite kenbe tout pou nou nan bay enpresyon se nou ki genyen dwa posede tout bagay epi pa ouvri pòt pou yon lòt moun evolye tou. Nou dwe kreye pito, genyen anpil domèn nou ka envesti pou kreye travay, si nou se patriyòt vre epi nou renmen peyi nou, se pou nou pa pè envesti ladann, nan kreye tout kalite travay pou moun ka travay. Lè yon moun ap travay li vin otonòm, li pap gentan pou li ap panse ak sa yon lòt posede, nou jwe yon gwo wòl nan peyi a sou plan ekonomik se pou nou kreye epi envesti nan devlopman pwòp peyi nou. Zafè monopòl nan tout bagay la se pou nou manyè lache men nou, bay yon lòt posibilite tou pou li ka devlope. Se sèl mwayen pou genyen yon lapè tout bon nan mitan nou menm Ayisyen.
Plis genyen inegalite sosyal, genyen anpil moun ki pòv, se plis ensekirite sa kreye, se plis mechanste sa kreye. Boujwa ka chwazi envesti nan otèlri, nan kreye gwo chèn otèl, yo ka envesti nan agrikilti, nan transfòmasyon pwodwi agrikòl, yo ka envesti tou nan konstwi stad, lopital modèn, pak pou timoun rekreye yo, gwo sal sinema elatriye pou yo ka genyen yon antre lajan dirab. Yo ka envesti tou nan konstwi pwòp peyi yo, si yo fè sa se ap yon sous sekirite yap kreye epi moun ap sispann di se yo ki ap toupizi peyi a nan kenbe tout bagay pou yo. Okenn sosyete pa ka devlope san tout kouch sosyal kit li rich, kit li pòv, Ayiti bezwen tout pitit li yo pou mete men pou rekonstwi li.
Eske dwe genyen diferans ant moun ki rich ak moun ki pòv nan peyi Dayiti?
Moun rich ak moun ki pòv se pitit Ayiti nou tout ye, se pou sa ki genyen anpil lajan kreye mwayen pou sa ki pa genyen, nan envesti nan peyi a, nan kreye anpil travay pou tout moun ka vin viv pi alèz nan peyi a. Yon moun ki genyen ide vin rich tou tankou moun ki boujwa yo sèl kondisyon pou sa rive fèt se al lekòl, travay di, kreye biznis nan bon kondisyon pou ka fè anpil pwofi nan sa yo mete sou pye a epi kreye kondisyon pou moun ki bò kote yo ka travay pou ganye vi yo ak onètete. Si nou fè sa nou ap genyen yon peyi ki pi bèl, kote jèn yo pap vle kite li pou al nan lòt peyi kote anpil nan yo ap pran anpil imilyasyon.
Frè ak sè ayisyen, moun rich, moun ki genyen ti mwayyen, moun ki pa genyen ditou ke nou kalifye moun pòv yo se pou nou mete tèt nou ansanm pou nou evolye pou nou travay pou nou tout ka santi nou fyè de peyi nou Ayiti. Moun ki rich dwe lonje men bay sa ki pa genyen nan mete sou pye aktivite pou yo fè se plis moun rich ki dwe envesti pou ede yon peyi devlope paske Leta nan yon peyi pap janm ka satisfè tout moun nan ba yo travay. Moun ki rich yo nan peyi Dayiti, an nou envesti pou ede peyi nou paske pa genyen lòt peyi ki ap vin devlope Ayiti pou nou. Se pou nou renmen peyi nou epi envesti ladann tou. Si moun ki rich yo vle viv pi alèz nan peyi Dayiti se pou yo kontribiye nan envesti pou fè li vin pi bèl. Envestisman kreye travay, li kreye byennèt pou yon lòt moun ki pat genyen. Moun boujwa yo se pou nou envesti nan peyi pa nou paske peyi Dayiti se pa nou tout li ye.