Move Eksplwatasyon Min Sab ak Min Wòch yo, c.

Advertisements

Move Eksplwatasyon Min Sab ak Min Wòch yo, yon danje pou anviwonnman an nan peyi Dayiti.

Anviwonnman an se tout sa ki antoure nou tankou: Mòn yo, Pye bwa yo, Kay yo, lanmè yo, sous dlo yo, moun yo, bèt yo elatriye, kidonk tout eleman sa yo fè pati anviwonnman an.  Yon bon jesyon anviwonnman an kapab fè yon peyi toujou bèl pou viv men konsa tou yon move jesyon anviwonnman an kapab bay degoutans pou viv nan yon peyi.

 Tout moun genyen pou misyon pwoteje anviwonnman kote yo ap viv la paske li jwe yon gwo wòl nan byennèt yon peyi. Mòn yo genyen enpòtans pa yo nan anviwonnman an, resous ki sou tè a ak sa ki anba tè a se richès ke anviwonnman an pote pou nou. Min yo se yon riches inepwizab, yo dwe byen ekplwate, lè min yo mal eksplwate sa vin fè anviwonnman an frajil anpil epi nenpòt katastwòp natirèl fè plis dega ke pèsòn pat janm swete. Min sab yo se yon gwo richès menm jan Min wòch yo tou se yon gwo richès.

Advertisements

Ki danje move eksplatasyon Min sab ak Min wòch yo poze nan anviwonnman an nan peyi Dayiti?

Nan peyi Dayiti leta refize jwe vrè wòl li nan sa yo rele pwoteksyon anviwonnman an, nan zafè eksplwatasyon min yo se yon tèt chaje, se kòm si ministè anviwonnman pat janm egziste. Ministè anviwonnman pa jwe wòl yo vre, yo kite moun fè sa yo vle, yo eksplwate mòn yo, min sab yo san kontwòl, olye yo ranje anviwonnman an se detwi yo detwi li pito. Sa bay anpil tèt chaje nan fason eksplwatasyon yo ap fèt. Youn nan gwo dezòd ki ap fèt se jan moun yo ap eksplwate min sab yo ak min wòch yo. Malgre pafwa lapolis konn entèdi yon seri fason moun ap eksplwate min yo sou lòd ministè anviwonnman, moun yo pa wè, yo pa tande yo kontinye ak menm vye pratik la. Si yon moun ta fè yon koudèy kote eksplwatasyon sa yo ap fèt se de men nan tèt yo tap mete, tèlman moun yo ap kraze anviwonnman an san gad dèyè. Moun ki rete nan zòn kote yap swa fouye sab oubyen fouye wòch se vrèman yon krim yap fè anviwonnman an. Moun ki ap fè travay sa yo prefere fè anpil lajan san panse ak konsekans lan demen, nan jan yap mal eksplwate sab ak fouye wòch. Yo fin kraze mòn yo nèt nan fouye wòch, nan rivyè yo menm pa genyen sous dlo ki parèt ankò paske tout tèt mòn yo fin degrade, yo koupe pyebwa yo kote rasin bwa sa yo te konn antre anba tè a pase nan wòch yo epi se apati la sous dlo yo soti. Nan tan lontan te toujou genyen anpil dlo nan rivyè yo, moun te konn al pwofite al lave, benyen, pran dlo sous pou bwè elatriye paske te genyen anpil dlo, te genyen anpil gwo wòch kote anba yo gwo sous dlo konn pete men jodi a si yon moun al vizite kèk rivyè yap vrèman sezi epi yap mande kote leta ki kite tout gwo dega sa yo ap fèt. Kote azèk, kazèk, majistra yo ki genyen je sou komin yo, kote ministè anviwonnman, kote ministè enteryè se kòm si pa genyen otorite pou anpeche moun sa yo fè sa yo vle ak anviwonnman an. Bagay sa yo bay tèt fè mal, moun yo eksplwate resous natirèl sa  yo san kontwòl epi san okenn presizyon. Yo prefere kraze yon mòn nan fouye wòch pou al vann olye yo ta panse ak katastwòp sa ka pote demen, lè genyen yon siklòn, yon tranbleman tè, kote mòn yo pap ka sipòte gwo sekous yo paske genyen anpil kote nan mòn sa yo jèn gason yo fin kraze mòn yo nèt nan fouye wòch epi genyen anpil kote ki genyen min sab moun eksplwate yo san gad dèyè, san pa respekte okenn prensip.  

Advertisements

Kijan leta peyi Dayiti ka mete fren nan move eksplwatasyon min yo?

Leta peyi Dayiti dwe mete pantalon li nan tay li pou jere kesyon anviwonnman an, nan fikse règ jwèt yo nan  di men kijan resous natirèl yo dwe eksplwate. Leta dwe mete ajan anviwonnmantal pou jere anviwonnman pou anpeche moun yo detwi anviwonnman nan pratike move eksplwatasyon. Leta dwe entèdi moun ki ap fouye wouch nan tèt sous dlo yo, leta dwe mete brigad siveyans nan min sab yo ki ap eksplwate nan yon kondisyon ki vrèman mal. Leta pa dwe kite se yon ti gwoup ki pran kontwòl resous minyè yo kote se ti gwoup sa a ki ap fè e defè. Resous minyè yo se pou tout moun yo ye men se leta ki genyen pou wòl kontwole jan eksplwatasyon yo ap fèt, leta pa dwe rete san fè anyen, nan rete de bra kwaze kite moun fè sa yo vle, nan degrade tèt mòn yo, nan fouye wòch san gad dèyè, pèt ti lapli se deboulonany tè, kote sòl la vin frajil, pa genyen wòch pou kenbe tè a, lè dlo ap desann li bote tè ki nan tèt mòn yo li pote yo desann epi tèt mòn yo vin degrade tankou yon poul ki pèdi tout plim li. Ayiti se yon peyi ki genyen anpil mòn, mòn yo jwe yon gwo wòl pwoteksyon anviwonnman. Leta pa genyen okenn rezon pou kite moun yo ap fin kraze mòn yo nan eksplwate sab ak wòch pou konstwi kay san okenn prensip. Si leta pa foure bouch nan koze a pou mete lòd nan dezòd nan fason resous minyè yo ap mal eksplwate genyen yon lè kap rive pral genyen anpil rèl ak dlo nan je pou sa moun yo ap fè nan anviwonnman an. Yon lè ki pral rive tou pap genyen dlo nan rivyè yo ankò e sa pral poze anpil pwoblèm.

Advertisements
This image has an empty alt attribute; its file name is IMG-20200713-WA0022-768x1024.jpg

Se  pou leta mete fren nan tout move fason kèk moun ap eksplwate resous minyè yo nan peyi a pafwa san otorizasyon. Leta rete leta se pou li jwe wòl li nan jere tout resous natirèl peyi a posede.

Leave a Comment

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Login

Scroll to Top
%d bloggers like this: