Lanmou An Ayiti : Relasyon Entim

Poukisa li toujou difisil pou yon fi deklare yon gason lanmou li genyen pou li ?

Lanmou se yon bagay ki sakre, renmen youn lòt se yon bagay ki natirèl, pa ta dwe janm genyen okenn andikap nan zafè lanmou.

Anpil sosyete genyen pwòp kilti pa yo, anpil fwa se gason an ki toujou fè premye pa a pou deklare lanmou li genyen pou yon fi, epi fi a twouve sa nòmal se gason ki dwe toujou vin koze ak li pou di li renmen li.

Advertisements

Nan zafè renmen genyen yon mit ki pa ta dwe egziste, sa vle di menm jan yon gason gen kouraj pou di yon fi li renmen li, konsa tou yon fi dwe genyen menm kouraj sa a tou pou di gason an li renmen li. Nan peyi Dayiti li toujou difisil e menm enposib pou yon fi santi li alèz pou li deklare yon gason ke li renmen li. Kisa ki koz tout pwoblèm sa yo?

Selon tout rechèch ki fèt pou rive dekouvri koz ki fè yon fi toujou wè li enposib pou li mache sou yon gason pou li deklare li li renmen li, men kèk repons yon seri fi bay pou di sa yo panse ki koz tout difikilte sa yo.

 Fi 1 : «  Anpil gason se mawozo yo ye, yap jije sa mal, epi genyen fi k’ap santi li wont pou li pale ak gason an paske li se yon fi epi  gen nan gason yo ki pap janm genyen respè pou fi a pwiske se li ki vin pale avèk li epi genyen fi ki konn panse tou gason an ka pwofite de li, li pap ba li valè, kidonk se sa ki koz anpil fi toujou wè li difisil pou yo koutize yon gason ».

Fi 2 :  « Anpil fwa yo konn pè pou si gason an ta di yo non, pou yo pa jennen. Yo konn pa vle pou gason an mal wè yo oswa pou gason pa pran tèt li pou yon pakèt afè ».

Advertisements

Fi 3 :   « Gen yon bagay ki rele koutim, anpil ayisyen inyore, afè pou fi koze ak gason an sa pa nan mòd fonksyonnman pèp ayisyen . Gen sa yo rele kapris  tou ke medam yo pa genyen lakay yo ki koz yo pa fè sa, yon fason pou sosyete a pa mal jije yo ».

Fi 4 :  «  Anpil anpil fi pè pou gason an pa repouse yo oubyen tou genyen ki santi yo pa konn kijan pou yo abòde yon gason sou sijè sa a. Epi genyen yon kesyon koutim tou ».

Fi 5 :  «  Anpil fi timid nan sans sa a pou yo pwouve yon gason sa yo resanti pou li, anpil fi pa vle gason an doute de li nan sans sa pou gason an pa di yo cho. Anplis nan koutim pa Ayisyen depi yon fi fè sa yo ap di li pa bon ».

Advertisements

Fi 6 :  « Se mantalite gason yo ki koz sa paske pi souvan lè yon fi al avwe yon gason santiman li, gason an toujou panse fi a fasil pou sa epi yo pa konprann sa, genyen gason ki pa bay sa enpòtans epitou depi se fi a ki fè sa, menm si gason an pa renmen li li pap janm gen kran pou di li li pa renmen li, l’ap prefere pwofite de fi sa a ».

Fi 7 :  « Lè yon fi al koze ak yon gason nan tan lontan yo di fi sa a pa bon. Menm si lanmou an touye w, men nan tan sa nou ap evolye a pa genyen sa a. Nenpòt fi a ka koze ak gason li vle sa pral depan de edikasyon fi sa a »

Genyen anpil lòt fi ki genyen menm ide, yo jis di se nan koutim pèp ayisyen ki fè li pa fasil pou yon fi avwe yon gason li renmen li, pou yo menm se yon move bagay li ye, li pa bon ditou pou yon fi fè sa.

Advertisements

Genyen yon demwazèl ki ba yon ide kontrè men sa li di: “ Lontan li tap difisil pou mwen pou m abòde yon gason ke mwen renmen pou m avwe li ke mwen renmen li, mwen tap pè pou moun pa pale mwen mal, men kounye a mwen pap kyè ni bay okenn enpòtans ak sa moun ap di de mwen. Mwen ap di tou genyen  anpil moun ki ta ka reyisi si yo pat koute sa bouch moun ap di de yo. Gen de desizyon yo te dwe pran ki ap bon pou yo men elas bouch moun fè yo pa pran li. Mwen menm antanke fi mwen ap pran desizyon pa m pou m pa yon viktim de sa moun ap di. Kidonk map avwe kareman yon gason ke mwen renmen li kèlkeswa sa gason sa a panse de mwen”.

Advertisements

Sa pa genyen okenn lojik ladann pou genyen tout pwoblèm sa yo nan zafè renmen, menm jan yon gason ka di yon fi li renmen li , se menm bagay la tou pou yon fi di yon gason li renmen li epi sa valab pou tou de. Anpil fi kwè li pa nòmal yo ap wont pou si gason an ta di yo yo pa dakò. Men tou se menm bagay la si yon fi ka di yon gason li pa dakò renmen ak li se menm jan an tou si yon gason di yon fi li pa renmen li,  pa ta dwe genyen pwoblèm nan sa ni tout kontrent sa yo tankou moun ki ap pale de koutim, mantalite yon pèp ki koz yon bagay pa rive fèt. Tout fi kèlkeswa ras yo, peyi yo soti, sosyete yo ap evolye, yo dwe kraze baryè sa a, pou yo koutize  gason jan yo pi pito epi pou yo prè pou aksepte kèlkeswa sa moun panse de yo epi kèlkeswa sa gason an reponn yo.

Leave a Comment

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Login

Scroll to Top
%d bloggers like this: