Kisa ki koz anpil moun ki genyen koulè po nwa rive chanje li nan yon lòt koulè?Po yon moun se anvlòp ki kouvri kò li, li pwoteje kò a selon klima moun sa a ap viv la.Genyen diferan koulè ak kalite po, genyen po moun ki pi rezistan ak chalè, genyen po ki rezistan ak fredi pou byen di chak po moun adapte ak zòn epi tanperati kote li ap evolye a. Genyen anpil moun ki pa fyè de koulè po yo, genyen moun ki rive menm di koulè po nwa yon moun se yon malediksyon li ye se sa ki fè anpil moun rive ap chanje koulè po yo paske yo pa renmen li epi yo ap chache sanble ak blan an.
Poukisa gwo konplèks enferyorite sa ki pouse moun chanje koulè po yo pou eseye sanble ak yon lòt?
Anpil moun itilize pwodwi chimik pou chanje koulè po yo sa yo rele nan langaj ayisyen moun ki ap doko. Moun sa yo pa janm panse ki konsekans sa ka antrene demen, tankou maladi po, kansè po, moun sa yo konn pa ka rete twòp nan solèy paske po yo vin pa ka reziste ak chalè a, lè timoun mande bonbon cho ou ba li li nan pla men li.
Chanjman koulè po nwa yon moun se nan anpil kontinan sa fèt kote genyen kominote moun nwa, tankou: an Ewop, an Amerik, an Afrik e menm nan Karayib, Oseyan Endyen tout ka sa yo konn prezante moun ap chanje koulè po yo.
Se pa sèlman fi ki chanje koulè po yo gason fè sa tou. Youn nan gran atis renome entènasyonal te rive chanje koulè po li nèt pou li vin sanble ak blan, atis sa a se te « Michael Jackson » ki se te yon nwa. Anpil moun te fè kòmantè pou ki rezon atis la te fè sa, yo te rive jwenn kèk repons ak sa pou di se paske atis la tap sibi anpil imilyasyon paske li nwa, li te santi li enferyè ki fè li oblije chanje koulè po nwa li a. Men aprè li te fin fè sa, te genyen gwo konsekans sa te poze, tankou li pat ka janm pran solèy, kote li ap viv dwe te toujou klimatize, majorite kote li ta prale li te oblije pote parapli, li vin pa ka pran okenn pousyè elatriye. Poukisa tout pwoblèm sa yo vin poze se jis paske atis sa pat fyè de koulè nwa li.
Genyen anpil moun aprè yo fin chanje koulè po yo, yo vin genyen anpil lòt pwoblèm ankò, tankou moun ki te konnen yo nwa vin ap moke yo, moun ap pase yo nan betiz, yo vin sanble ak yon lòt, sitou si pwodwi yo itlize a pa bon kalite brèf.
Moun po nwa pa genyen okenn diferans ak moun po blan, po a se jis yon anvlòp, se pa nan koulè po a ki pral detèmine kapasite yon moun, tankou kosyan entèlektyèl moun sa a ak entelijans li. Anpil moun vle fè kwè yon blan siperyè ak nwa poutan se pa vre se menm matyè ki fè nou, pa genyen okenn diferans epi anpil moun rive kwè nan manti sa a nan panse moun ki genyen koulè po blan siperyè pase yo se sak fè yo mete tèt yo nan pwoblèm sa a. Se yon konplèks enferyorite ki koz yon moun nwa pa fyè de koulè nwa li a opyen li ap chanje li nan koulè blan an genyen an, sa pa ditou lojik.
Ki refleksyon dèmatològ yo sa vle di espesyalis an zafè po genyen de fenomèn sa a ?
Anpil dèmatològ dekonseye moun chanje koulè po yo paske sa konn antrene grav pwoblèm aprè, sibstans ki rezistan nan po moun sa a konn disparèt, li konn fè po a vin frajil, konn genyen anpil efè segondè aprè, e menm nan yon tan ki pa twò lwen po moun sa konn vin rejwenn menm koulè nwa li te genyen avan an men poukisa li te oblije chanje li ? Konn menm genyen maladi po a rive devlope ki konn pa ka jwenn trètman paske pwodwi chimik la konn detwi tisi po a nèt. Tankou yon moun ki ap melanje kloròks ak pèmanant ansanm pou blanchi po yo se vrèman danjere pou po sa, konsekans yo konn pa lwen rive.
Tout moun dwe fyè de moun yo ye a, yo pa dwe santi yo enferyè pa rapò ak yon lòt. Koulè po yon moun pa retire gwo kapasite li genyen pou li fè sa li kapab, okontrè po nwa yon moun resistan anpil sitou nan peyi kote li fè cho anpil. Pèsòn moun pa genyen dwa santi li ba paske li nwa, tout moun se moun, tout moun genyen menm koulè san kap koule nan venn yo, yo genyen menm kantite zo, yo genyen menm kalite ògán nan kò yo tankou kè, poumou, fwa, sèvo elatriye. Poukisa yon moun ap bay tèt li pwoblèm paske li nwa se yon gwo konplèks tout moun nwa dwe bani. Tout moun dwe fyè de moun yo ye a pou yo pa okipe okenn moun ki ka fè yo kwè yo enferyè akoz yo nwa. Non non se pa posib e sa pap janm vre.
Tout sikològ dwe antre nan koze a pou fè vye tandans sa a disparèt nan tèt anpil moun ki ap chanje koulè po yo pou yo sanble ak blan an se pa ditou lojik. Pa genyen ras ki pi gran ni pi siperyè pase yon lòt se jis nan mantalite yon moun sa chita epi pa genyen diferans ant yon moun po nwa ak yon moun po blan e pap janm genyen diferans, paske tout moun se moun, se menm materyo a ki fè yo tout. Lè yon moun po nwa ak yon moun po blan mouri tout tounen pousyè menm jan, pa genyen okenn diferans antre yo. Se pou tout moun fyè de koulè po yo.