1. Voices

Koulè po nwa yon moun se idantite li, se fyète li.

0 0
Read Time:5 Minute, 20 Second

Genyen diferan kalite koulè po. Genyen po ki nwa, blan, wouj, oranj epi jón. Genyen moun ki kwè koulè po li kapab yon andikap pou li rive fè pwogrè nan lavi li. Genyen fi oubyen gason ki pran desizyon chanje koulè po yo jis pou yon kesyon resanblans sa vle di yo vle sanble ak yon pèsonalite, yon atis oubyen yon moun ki genyen anpil popilarite sa vle di selèb. Nan pran desizyon chanje koulè po yo genyen anpil moun ki vin regrèt aprè paske sa yo te espere a yo pa jwenn li.

Poukisa yon moun pa vle fyè de koulè po li ?

Advertisements

Pwoblèm chanje koulè po a se plis moun ki genyen koulè po nwa ki toujou antre nan sitiyasyon malouk sa a san panse ak konsekans sa ka trennen dèyè aprè yo fin fè li. Moun sa yo genyen tandans itilize yon seri pwodwi ke dèmatològ pat preskri yo. Yo jis wè yon moun fè l epi yo fè tou. Pou anpil moun ki ap chanje koulè po yo, yo jis vle genyen yon aparans ki pi bèl pafwa olye yo vin bèl se lèd yo vin lèd kote yo sanble ak yon vrè bonmas. Se konplèks enferyorite yon moun ki kwè si li nwa, yon moun po klè oubyen blan ta siperyè ak li, tout sa se pawòl pou fè moun dòmi. Yon moun ki nwa genyen menm valè ak yon moun ki genyen koulè po blan.  Genyen moun ki atribiye koulè po nwa a ak kontinan Afrik kote genyen moun ki ensanse ki menm ap fè moun kwè ke koulè po nwa yo se jis yon malediksyon oubyen yon pinisyon, anpil moun kwè ladann vre.

Koulè po nwa yon moun konn menm yon andikap pou li rive nan yon seri pòs ki byen wo swa nan leta, swa nan sektè prive. Lòm vin tèlman mechan yo menm atribiye tout sa ki mal sanble ak yon moun paske li nwa. Sa rele diskriminasyon kidonk anpil moun pa dwe kwè nan sa.

Advertisements

Si de(2) moun parèt nan yon enstitisyon youn genyen po nwa ak youn ki genyen po blan, yo genyen tandans sèvi moun po blan avan, menm si moun po nwa a ta pi konpetan, sa pa bon epi sa dwe chanje paske tout moun se moun,  koulè po yon moun pa dwe janm yon andikap pou li evolye nan kèlkeswa domèn li vle a.

Nan peyi Dayiti genyen yon seri biznis kote moun menm vle fè kwè se yon seri moun koulè po klè ki dwe fè yo tankou: makèt, Otèl, gwo magazen epi kote yo fè pou vann pitza elatriye, bagay sa kreye gwo andikap pou moun po nwa evolye.  Se youn nan vrè rezon ki fè anpil moun ap eseye chanje koulè yo jis pou sanble ak yon lòt. Nan yon sosyete kote moun bay moun parèy yo valè bagay sa yo dwe bani epi sispann paske tout moun se moun, koulè po yo pa detèmine si yo entilijan ou pa, paske entelijans yon moun soti depi premye rèl li fè lè li ap soti nan vant mannamn li,  kote sèvo  timoun sa a kòmanse devlope pou vini yon moun ki ranpli ak sajès epi anpil entelijans. Po nwa yon moun pa kap poze baryè pou li nan yon seri domèn paske entelijans yon moun pa soti nan koulè po li. Moun ki chita ap chanje koulè po yo dwe sispann ak bagay sa yo, se pa lè ou vin chanje koulè ki pral fè anpil moun vin baw valè pafwa lè yon moun chanje koulè po li, moun vin tonbe pase li nan betiz, wa mande si douko sa a pa byen pran nan kò li, moun sa a vin trè dezagreyab pou moun gade yo, yo vin lèd anpil, pafwa pwodwi yo itilize yo konn tèlman chè yo pa genyen ase kòb pou yo kontinye fè trètman oubyen swivi ebyen aprè de ou twa semèn oubyen mwa moun sa yo tounen menm jan ankò, men poukisa yo te oblije fè  li.

Advertisements

Anpil moun menm rive atribiye yon moun ki ap chanje koulè po li ak yon esklav  sa vle di li vle sanble ak mèt li, li pa fyè de moun li ye a. Sa pa lojik menm. Tout moun alawonnbadè dwe byen pran swen po yo, byen benyen, itilize bon jan savon ki ka fè po a toujou parèt bèl epi bon jan krèm pou fè li toujou rete swa san yo pa bezwen ap depanse achte yon seri pwodi san menm avi doktè po, pou yo pase sou yo. Anpil nan moun sa yo fi kou gason paske se tou de kategori moun sa yo ki ap douko dwe sispann fè bagay sa yo paske li pa bon. Toujou genyen gwo konsekans aprè yon moun pran desizyon chanje koulè po li.

Tout moun san distenksyon dwe fyè de moun li ye a. Li dwe toujou kiltive yon lespri pozitif, li dwe toujou ap panse ak bon bagay, li pa dwe kite enfliyans lòt moun mete pye sou li. Koulè po yon moun pa fè li enferyè pou sa e li pap janm enferyè paske li nwa okontrè koulè nwa a se yon trè bèl koulè li ye. Mesye dam ki ap chanje koulè nwa nou genyen an sispann mezanmi sa pap janm fè nou vin pi bèl ni pi konpetan tout sa yon moun ye sa soti depi tou piti nan jan sèvo li fonksyone.

Advertisements

Tout moun dwe fyè de moun yo ye a san yo pa koute sa moun ap di pou detounen yo sou vrè chemen yo. Koulè po nwa yon moun se depi nan jèn li sa soti, eseye chanje li se yon pèdi tan aprè yon tan moun sa ka vin tounen nwa ankò si pwodwi yap itilize yo pa gentan detwi tout kouch ki pwoteje po a. Brèf. Moun po nwa ak moun po blan oubyen klè pa genyen okenn diferans paske tout moun soti nan tè yon jou yo tout genyen pou retounen ladann ankò. Tout moun genyen pou tounen pousyè lè sa a zafè koulè a pap detène si moun sa te bèl ou pa, si li te entelijan ou pa. Po yon moun se jis yon anvlòp ki pwoteje kò li. Menm jan bèt yo genyen po pou pwoteje yo kont chalè ak fredi. Tout moun dwe respekte koulè po yo.

About Post Author

Louis Mackenson

I am a linguist, language teacher, interpreter, translator and everything in between. I spend most of my time wondering how we can transform Haiti.
Happy
Happy
0 %
Sad
Sad
0 %
Excited
Excited
0 %
Sleepy
Sleepy
0 %
Angry
Angry
0 %
Surprise
Surprise
0 %

Average Rating

5 Star
0%
4 Star
0%
3 Star
0%
2 Star
0%
1 Star
0%

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Advertisements

Advertisements
Advertisements

Login

%d bloggers like this: