1. Voices

Ki kalite boujwa ki genyen nan peyi Dayiti ?

0 0
Read Time:5 Minute, 2 Second

 Ki kalite boujwa ki genyen nan peyi Dayiti ?

Nan tout sosyete modèn tout kategori moun genyen wòl pa yo. Genyen moun ki rich anpil, genyen sa ki pòv epi genyen sa ki nan klas mwayèn ki ap fè efò pou yo genyen yon lavi miyò. Genyen anpil peyi kote leta mete anpil prensip pou genyen bon kolaborasyon ant moun ki genyen anpil mwayen ekonomik sa yo rele moun boujwa yo oubyen grannèg nan langaj ayisyen ak moun ki genyen ti mwayen epi sa yo ki pa genyen ditou. Yon sosyete ekilibre dwe kreye fason pou tout moun viv selon pwòp mwayen yo. Pafwa yo konn trete yon moun pòv paske li pa genyen anpil lajan poutan moun sa a rich nan bèl panse ak bèl ide.

 

Advertisements

Se jis mwayen ekonomik li bezwen pou li kreye richès li ap bezwen pou li viv epi kreye travay pou lòt moun. Nan anpil gwo peyi kote leta pran reponsabilite li, li takse moun ki genyen anpil lajan pi wo ke sila yo ki genyen ti mwayen ekonomik ak sila yo ki pa genyen ditou. Leta nan yon seri peyi ankouraje moun ki genyen anpil lajan envesti anpil nan peyi yo pou kreye travay bay moun. Kondisyon nenpòt moun ka chanje si li genyen yon mwayen pou li antre kòb pou li viv epi pran swen fanmi li genyen. Se vre yon moun ki genyen kondisyon ekonomik ki ba pa ka fè gwo bagay men sila yo ki genyen anpil posibilite ekonomik dwe envesti pou kreye travay. Lè yon boujwa ki fè pati sektè prive a envesti se pa pòv li vin pòv okontrè se genyen li vin genyen plis, yon senp kalkil si yon moun ki boujwa bezwen biznis li mache byen fòk li asire li o mwen moun ki nan antouraj li genyen mwayen pou konsome pwodwi li ap vann yo. Sèl mwayen pou moun boujwa sa yo vin pi rich se kreye plis aktivite pou yo antre plis kòb.

Kijan boujwa nan peyi Dayiti yo fonksyone ?

Okenn sosyete oubyen peyi pa ka bay tèt yo manti pou di yo ka devlope si yo mete yon sektè deyò sitou sektè ekonomik la ki genyen anpil mwayen ekonomik nan men yo. Nan peyi Dayiti genyen anpil repwòch ki ap fèt sou moun yo rele boujwa yo ki fè pati sektè afè a oubyen sektè ekonomik la. Boujwa nan peyi Dayiti pa envesti ase nan peyi, yo plis ap ekonomize, sere lajan olye yo kreye travay pou sila yo ki pap travay. Pi gwo kliyan sektè sa yo se leta paske yo toujou ap vann leta yon seri sèvis epi yo pè envesti. Toujou genyen anpil repwòch pou di se 5% fanmi nan peyi Dayiti ki kenbe tout richès peyi a.

Advertisements

Yo nan tout bagay, yo genyen monopòl tout bagay, se yo ki nan vann epi enpòte tout kalite pwodwi peyi a ap bezwen pou konsome, sa vin kreye anpil pwoblèm paske prèske pa genyen konkirans, si yon lòt moun ta vle antre nan domèn sa yo ap evolye a yo pap dakò, yo toujou vle se yo ki pou enpòte tout bagay, fè a se yo, siman an se yo, farin, diri, lwil, lèt, se toujou yon sèl ti fanmi ki ap fè enpòtasyon, yo prèske pa kite tou vid pou yon lòt sektè evolye. Anpil boujwa sa yo pa patriyòt vre, yo pa vle genyen konkirans ak yo, ata menm bank yo se yon ki jere sa ankò, yo prete ak yon to ki byen ba pou yo regle zafè yo epi si yon moun nan klas mwayèn nan ta genyen ide prete lajan pou ouvri yon gwo antrepriz yo pap prete li sa li ta bezwen pou envesti a epi si yo ta vle prete li yon ti kòb yo ap ba li li ak yon to enterè trè elve sa rele mechanste ak egoyis.

Kijan anpil nan moun rich oubyen boujwa envesti nan peyi Ayiti?

Boujwa nan peyi Dayiti plis envesti nan achte revann pwodwi lòt peyi fè olye yo envesti nan pwodiksyon lokal pou kreye travay pou lòt kouch moun ki pa genyen menm kantite mwayen ak yo. Moun rich sa yo pa tèlman vle envesti nan pwòp peyi yo. Majorite kòb moun rich sa yo sere nan bank peyi etranje, poutan se nan peyi Ayiti yo konstwi tout richès yo genyen an men yo pap envesti ladann pou fè li vin pi bèl.

Genyen yon sekrè anpil boujwa ki fè pati sektè prive a pa genyen, yo bliye plis yo kreye kondisyon poun moun ki pa genyen vin genyen se atò yo tap vin pi rich, paske lè moun ap travay li genyen mwayen nan men li li pap pè depanse pou byen li vle pwokire, pa egzanp si yon moun ki rich vle ouvri yon gwo antrepriz nan yon zòn li dwe panse bay moun zòn nan travay, pou yo ka genyen mwayen achte byen antrepriz sa a ap pwodwi epi sa vin kreye yon klima sekirite pou antrepriz la kote menm moun zòn kote antrepriz sa ye ap pwoteje li epi anpeche lòt moun vin fè dezòd ladann.

Advertisements

Yon boujwa dwe toujou mete nan tèt li tou kote li rete a si li vle toujou anpè se pou kondisyon ekonomik moun nan antouraj li chanje pou evite jalouzi, anvi de sa li posede. Moun ki genyen kondisyon ekonomik pòv toujou genyen vye ide, jalouzi e menm anvi de sa yon lòt posede, sa vin natirèl lakay yon moun, moun ki pòv toujou genyen tandans vin mechan paske yo soufri anpil, yo pa genyen mwayen pou yo viv epi pwokire sa yo bezwen. Si yon moun ta renmen baryè sa kraze ant yon moun ki rich ak yon moun ki pòv, se ouvri men nou moun rich yo epi kreye mwayen sa vle di travay pou sa yo ki nan bezwen vin genyen tou, lè sa moun pap janm ka rayi nou pou sa nou posede. Paske nou tout se pitit tè peyi Dayiti. Ann aprann viv ansanm san egoyis ni diskriminasyon.

About Post Author

Louis Mackenson

I am a linguist, language teacher, interpreter, translator and everything in between. I spend most of my time wondering how we can transform Haiti.
Happy
Happy
0 %
Sad
Sad
0 %
Excited
Excited
0 %
Sleepy
Sleepy
0 %
Angry
Angry
0 %
Surprise
Surprise
0 %

Average Rating

5 Star
0%
4 Star
0%
3 Star
0%
2 Star
0%
1 Star
0%

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Advertisements

Advertisements
Advertisements

Login

%d bloggers like this: