Ki akonpanyeman Leta peyi Dayiti dwe bay moun ki rich yo pou yo envesti nan peyi a?
Tout peyi kote ki genyen yon leta ki responsab dwe konnen devlopman yon peyi ap soti nan jan repatisyon richès la fèt nan peyi sa a. Depi lontan toujou genyen moun ki rich ak moun ki pòv, sa pral depan de jan politik peyi sa a fèt. Leta nan yon peyi dwe antre nan jwèt la nan jan li ap mete lòd nan repatisyon richès ki genyen nan peyi a. Leta dwe toujou kanpe nan mitan nan akonpanye moun ki genyen ak moun ki pa genyen. Leta dwe ankouraje moun ki rich anpil yo envesti davantaj nan peyi a pou kreye travay pou sila yo ki pòv oubyen ki pap travay. Leta dwe mete tout kapasite li pou li pwoteje byen sila yo ki rich, pou li pa nan chase yo, ni dekouraje yo paske mwayen ekonomik leta ap bezwen pou li fè devlopman soti nan men moun ki rich dabò nan peye taks ak tout lòt kalite moun ki ap travay. Leta pa dwe janm nan paspouki, ni moun ki rich, ni moun ki pòv yo gen pou papa leta yon peyi. Leta dwe menm prè pou ede oubyen finanse moun ki envestisè ki ta fè fayit sa vle ki ta pèdi biznis yo. Leta pa dwe janm sispann ankouraje moun ki rich pou envesti nan kreye travay pou sila yo ki pap travay oubyen sila yo ki nan sitiyasyon povrete.
Kijan leta ka ankouraje moun ki genyen anpil lajan envesti nan peyi Dayiti ?
Leta nan yon peyi dwe jwe wòl abit epi reponsab li, leta dwe garanti yon klima lapè nan peyi a nan kreye konfyans nan mitan pitit li yo pou yo ka renmen peyi a epi leta dwe ankouraje moun ki nan sektè afè a moun ki rich yo sa vle di moun ki rele boujwa pou yo envesti nan peyi a, leta genyen pou wòl garanti sekirite tout biznis nenpòt sektè kreye paske leta pou kont li pap janm rive bay tout moun travay. Kreyasyon travay se moun ki genyen ki ka fè li pou ede sila yo ki pa genyen vin genyen. Leta pa dwe janm nan konfli initil ak sektè prive ki genyen anpil lajan nan men yo, leta dwe fè moun sektè sa yo renmen peyi yo, pou yo envesti ladann, leta dwe sekirize biznis moun sa yo, leta dwe dekouraje moun rich sa yo al envesti nan lòt peyi ki pa peyi pa yo epi leta dwe dekonseye moun sa yo al sere lajan yo nan lòt peyi etranje.
Ki sekrè ki genyen lè yon moun rich envesti anpil nan peyi li?
Règ la senp, plis yon moun envesti se plis lap genyen lajan, li ap antre plis benefis, moun ki pa prè pran riks nan envesti anpil pa janm rive genyen kantite lajan li swete genyen an. Tankou youn nan sektè moun ki genyen lajan ki fè pati sektè prive a ka envesti se nan sektè agrikòl la, si yo ta chwazi yon pwodi pou yo fè pa egzanp plante tomat pou fè pat tomat epi sòs tomat, si antrepriz la ap byen mache, genyen anpil demand nan lòt vil pwovens ebyen antrepriz sa a dwe al envesti nan pwovens tou nan ankouraje peyizan yo plante tomat pou endistri transfòmasyon li a, konsa konsa plis moun ap travay, plis lajan ap fèt. Genyen yon bagay leta dwe garanti tou se zafè fè pèt la, leta dwe asire moun sektè sa yo, pou si nan envestisman yo yo ta fè pèt, leta dwe vini pote yo sekou lè sa pap genyen okenn moun nan sektè ki rich la, ki ap pè envesti nan peyi li, menm jan sa ap fèt nan anpil lòt peyi ki sou latè. Leta konn menm sibvansyone pwodwi sektè sa yo fè, nan optik pou ankouraje yo pwodwi nan peyi a. Kreyasyon travay ak richès se wòl moun ki genyen deja ki pou fè li, se moun ki rich yo ki pou vin kreye pou ede sa yo ki pa genyen. Genyen anpil filyè moun ka envesti, leta dwe ankouraje moun ki genyen yo al nan diferan sektè sa yo pandan li ap pwoteje envestisman yo.
Si leta ta renmen lòt envestisè vin envesti nan peyi a li dwe ankouraje davans pwòp sektè prive lakay li yo, leta dwe kreye konfyans pou lòt etranje ka vin envesti tou, leta dwe jwe wòl mitan jwèt la pou redwi inegalite sosyal nan mitan pwòp pitit li yo. Leta peyi Dayiti dwe ouvri pòt li tou pou tout pitit li yo ki nan diaspora a, sa vle di moun ki ap viv nan peyi etranje yo pou yo tounen vin envesti lakay yo, se ap yon bèl bagay pou ta wè yon bèl stad se tèl gwoup moun nan sektè prive a ki mèt li, tèl wout kote moun ap peye taks pou kondwi sou li se tèl gwoup ayisyen ki konstwi li, se ap yon bèl bagay sa ap ye. Tankou moun ki nan peyi etranje, plizyè nan yo ka mete ansanm pou envesti nan zòn kote yo soti a, nan kreye bèl wout, bèl sant sante oubyen lopital, otèl, pak rekreyatif, tèren pou timoun jwe elatriye.
Lè a rive pou moun sispann ap di se boujwa, moun ki genyen lajan ki koz peyi a pòv, leta dwe evite pitit li yo ap goumen antre yo nan akize youn lòt ki koz povrete yo. Leta peyi Dayiti dwe travay anpil pou mete konfyans nan mitan pitit li, pou youn pa pè lòt. Se pou sa ki genyen panse kreye pou sa ki pa genyen. Leta rete leta se li ki pou kreye bon jan kondisyon pou ankouraje pwogrè ak bon jan devlopman nan peyi a. Se vre anpil moun ap akize moun ki rele boujwa nan peyi Dayiti nan fè kwè yo kenbe tout pou yo, yo se yon bann oligopòl, se yo ki genyen dwa enpòte, se yo ki genyen kontwòl ladwann nan fè antre tout kalite pwodwi nan peyi a, leta antanke chèf dwe mete lòd nan dezòd nan elimine zafè monopòl la ak oligopòl. Leta genyen pou misyon rekonsilye pwòp pitit Ayiti yo pou youn sispann ak akize lòt nan fè kwè se youn ki koz mizè yon lòt. Si inegalite a pa bani, leta pa fikse règ jwèt la, pap janm genyen okenn devlopman ekonomik vre nan peyi a; moun se pòv yap vin pi pòv chak jou. Pap janm genyen lapè vre nan mitan frè ak sè peyi Dayiti. Se pou sila yo ki genyen anpil mwayen ekonomik envesti epi kreye travay pou sila yo ki pa genyen.
No Comments
Leave a comment Cancel