Fenomèn Taksi moto nan peyi Dayiti, yon gwo danje pou sosyete a.
Depi anviwon 10 lane genyen yon nouvo fenomèn ki ap devlope anpil kote pou byen di nan anpil zòn pwovens nan peyi Dayiti, se fenomèn taksi moto a. Fenomèn sa a rive nan kapital peyi Dayiti kote anpil moun antre ladann. Selon tout rechèch ki fèt epi daprè dènye statistik yo genyen plis pase senk san mil(500000) motosiklèt ki ap sikile sou teritwa a epi anpil ladann yo nan zafè fè transpò nan peyi a. Genyen 70 a 80 % nan moto sa yo ke leta pa genyen kontwòl sou yo sitou nan anpil vil pwovens kote menm plak moto sa yo pa genyen, sa vle di leta pa rekonèt moto sa yo paske yo pa anrejistre okenn kote pou leta ta genyen je sou yo brèf.
Ki danje fenomèn taksi moto a poze nan peyi Dayiti?
Taksi moto a vin pran anpil elan nan peyi a se paske pa genyen travay kidonk anpil moun lanse yo san gade dèyè nan fè taksi moto pou chache kichòy pou yo manje epi pote kòb lakay yo. Se vre taksi moto a rapòte anpil kòb nan fanmi an. Pwoblèm taksi moto a genyen se paske leta peyi a pa fikse règ jwèt la pou di men kijan sa ka fèt, nan kontwole moto yo, moun ki ap kondi yo elatriye. Taksi moto vin kreye anpil pwoblèm nan lari a paske tout kouch moun antre ladann, menm jèn ti gason ki ta sipoze rete lekòl oubyen aprann metye antre ladann san gad dèyè, yo gentan wè fè lajan epi yo bay lekòl la vag. Pou byen di genyen anviwon 80 a 90 % moun ki ap fè taksi moto ki nan tranch laj ant 16 a 25 an.
Danje sa poze se paske anpil nan jèn sa yo enpridan, yo pa respekte okenn règ, yo malelve anpil, yo prè pou fè nenpòt bagay, yo pa nan mete kas, ni pwotèj pou kò yo epi anpil nan yo san lisans, yo pa genyen okenn fòmasyon pou fè taksi moto, yo sikile nenpòt jan, yo double machin ni agoch ni adwat sa koz chak jou anpil aksidan moto ap fèt tankou: Men kase, pye kase, je pete, tèt kraze epi menm lanmò ap fèt preske chak jou akoz de fenomèn sa. Paran yo genyen anpil responsablite nan fenomèn sa a tou olye yo ankouraje timoun yo rete lekòl genyen anpil ki menm vann tè yo genyen pou achte moto bay timoun yo pou al kondi fè lajan. Paran yo koz anpil nan pitit yo ap pèdi lavi yo akoz de bagay sa yo. Timoun yo se lekòl yo dwe rete olye se nan lari a yo rete ap fè taksi moto. Anpil nan jèn gason sa yo tou gaspiye majorite kòb yo fè ladann paske yo pa genyen matirite pou jere lajan, genyen ki nan bwè alkòl ak kòb la, genyen ki lage kò yo nan fi bonè, yo al nan kafe chak fen semèn ak ti kòb yo fè a. Sa a se yon gran danje pou leta mete bouch nan koze a paske pi devan sa ka pi rèd.
Ki lòt moun ki nan fè taksi moto a?
Genyen lòt kouch moun ki nan fè taksi moto ki nan tranch laj 35 an a menm 55 an paske pa genyen travay, moun nan tranch laj sa yo pa twò anpil paske genyen nan moun sa yo ki genyen yon metye deja se paske yo pa jwenn travay pou yo fè ki fè yo antre nan fè taksi moto tankou genyen ladan yo ki fè mason, ferayè, plonbri, elektrisite, fè soudi elatriye. Anpil nan moun sa yo tou gentan genyen responsabilite swa marye oubyen genyen pitit deja yo oblije pran lari a al chache kichòy pou pote pou fanmi an.

Kijan leta kapab mete kontwòl nan fenomèn taksi moto a?
Leta peyi Dayiti dwe pran kontwòl zafè taksi moto a nan peyi a, leta dwe limite kantite moto ki ap sikile nan peyi a, paske yo twòp epi moto yo dwe anrejistre pou leta konnen tout moto ki genyen nan peyi a, leta dwe egzije tout moto anrejistre epi genyen plak pou si yon moto ta komèt yon krim oubyen fè yon move bagay, leta ap ka idantifye moto sa a akoz de plak li genyen an. Leta dwe limite moun ki ap kondi moto pou fè taksi tankou timoun ki ta sipoze lekòl ki poko menm genyen laj pou gen lisans, leta dwe entèdi yo fè taksi paske jèn yo pi dezòd deyò a, yo pa tande, yo kondi nenpòt jan, se youn ki ap montre lòt kondi san yo pa pase nan okenn lekòl pou pran fòmasyon pou sa. Leta dwe fikse règ jwèt la pou tout moun respekte prensip ki etabli yo.
Leta dwe bay posibilite ak moun ki genyen plis matirite , ki nan tranch laj , 30 an, 35 an ak plis laj pou antre ladann paske tip moun sa yo plis genyen matirite pou jere kò yo nan lari a, timoun yo pa ladann, jèn gason ki nan tranch laj 20 a 25 an dwe entèdi antre nan fè sa tou, se metye pou yo aprann pito pou yo ganye vi yo paske lè yo pran yon chòk yo ka kokobe pou lavi, paske nan lopital yo se plis jèn ki ap viktim paske yo dezòd anpil. Pafwa jèn ti mesye sa yo konn menm pati byen lwen ak moto yo, yal nan baz, nan fimen, bwè alkòl, nan fè sèks ak jèn tifi, gache vi yo bonè elatriye. Pou evite tout traka sa yo leta dwe pran responsabilite yo pou yo frennen gwo deriv sa a ki ap fèt nan sosyete a. Si leta pa janm fè anyen majorite jèn yo ap fin peri nan koze sa a paske yo pa genyen matirite pou sa. Pafwa jèn nan pa bay lekòl regle anyen pou li ankò, genyen ki konn nan 7èm ane, 8èm ane, 9èm ane yo jis kite lekòl pou al fè taksi moto. Yo pa vle vin lekòl, yo rate anpil kou, yo prefere pran lari a pou al fè lajan. Yon sosyete bezwen jenès li pou li devlope, leta pa dwe aksepte bagay sa yo pou jèn yo ap fini konsa, je fon kriye Davans.