Byenfè lèt manman nan lavi yon timoun pandan 6 premye mwa li fèt.

Byenfè lèt manman

Byenfè lèt manman nan lavi yon timoun pandan 6 premye mwa li fèt.

Lèt se yon aliman ki konplè, ki genyen anpil engredyan ki pèmèt devlopman yon timoun depi lè li fèt pou jis li rive yon adilt. Lèt la bon anpil pou zo selon tout rechèch ki fèt, li genyen vitamin D ki pèmèt kwasans zo lakay yon timoun. Yon timoun ki byen tete ap fè anpil diferans ak yon lòt ki pa byen tete.

Kèk konsèy doktè yo bay pou manman pitit yo pa neglije bay timoun yo tete.

Advertisements

Depi lontan anpil gwo rechèch fèt sou byenfè lèt manman lakay yon ti bebe. Selon tout sa gwo dekouvèt bay sou enpòtans lèt manman lakay yon tibebe, yo vin dekouvri yon timoun ki pran pandan 6 mwa lèt manman li sèlman fè anpil diferans ak yon lòt timoun ki non sèlman ap tete men ki ap pran lòt lèt.

Doktè rekòmande pou manman yo bay timoun yo tete sèlman pandan 6 mwa san okenn lòt manje ata menm dlo li pa dwe bay timoun nan, paske nan tete a timoun nan jwenn tout sa li bezwen pou devlopman fizik li, mantal li, psikolojik li elatriye. Anpil fi twouve sa difisil pou yo fè alètman sèlman pandan 6 mwa paske yo toujou ap plenyen, yo di yo pa genyen lèt. Selon rechèch ki fèt, pa genyen okenn fi ki pa genyen lèt, paske lèt la gentan disponib depi 5 mwa pandan fi a ansent. Kou timoun nan fèt se prezante li tete a pou li rale lèt la desann paske se manje pa li li ye. Genyen anpil fi ki enpasyan, yo pa ka tann timoun nan rale lèt la yo gentan bay timoun nan lòt manje. Sa manman pitit yo pa konprann depi lè timoun nan fèt li genyen rezèv lakay li pou twa jou apre li fin fèt, pafwa timoun nan ap kriye vre, tèt manman yo cho men se konnen yo pa konnen, yo dwe bay timoun yo tan pou yo rale lèt la desann.

Kijan zafè bay timoun tete a ye nan peyi Dayiti?

Advertisements

Nan peyi Dayiti anpil manman pitit pran responsabilite yo, yo bay timoun yo tete korèkteman, genyen ki bay timoun yo tete sèlman pandan 6 mwa san manke yon jou, aprè 6 mwa sa yo bay timoun yo lòt manje pou sipòte tete a.

Selon sa yon manman pitit di nan bay pitit li tete sèlman pandan 6 mwa men sa li deklare:

«  Mwen pran kouraj pou m bay pitit mwen tete sèlman pandan 6 mwa san menm dlo mpa ba li, men li pa fasil, sa mande pou m byen manje, byen bwè pou timoun nan ka jwenn tout bon jan nitriman ki ap bon pou kò li. Li fè timoun mwen byen devlope, li toujou an sante, li parèt bèl devan je mwen, brèf lèt manman an se yon vrè richès alimantè pou timoun nan. »

Advertisements

Bay timoun tete sèlman pandan 6 mwa mande anpil pasyans, li mande kouraj epi anpil sipò paske li pa fasil menm selon sa manman pitit ki rive leve defi sa deklare. Yo fè konnen genyen yon moman timoun nan pral santi tete pa fè anyen pou li, tout sa li pran li dijere li vit, pafwa yon timoun ki ap tete sèlman genyen yon peryòd avan 6 mwa a rive timoun sa konn pa fè tata menm men paran yo pa bezwen enkyete yo pou sa se nòmal selon sa pedyat yo di paske se lèt manman sèlman timoun nan ap konsome kidonk li dijere nèt pa genyen twòp dechè pou li rejte nan fè tata.

Tout fi dwe konnen depi yo vin manman yo dwe pran responsabilite yo pou yo bay timoun yo tete, yo pa dwe neglije fè sa, genyen anpil fi ki konn ap plenyen pou di tete yo pral tonbe, yo pap kanpe ankò, yo pap doubout sa konn fè yo pa vle bay pitit yo tete, yo prefere achte lòt lèt bay timoun nan men se konnen yo pa konnen, lèt manman se pi gwo richès pou yon tibebe, li ede timoun nan menm sou plan entèlektyèl nan avni li, lè sèvo timoun sa a byen devlope se yon vrè kado pou yon timoun. Tout fanm ayisyen yo dwe pran kouraj yo bay timoun yo tete san plenyen paske se pou yo li ye.

Advertisements

Medam yo pa dwe janm wont fè sa, sa pap retire nan elegans yo, ni nan bèlte yo, depi yon fi dakò pou li tonbe ansent sa vle di pou li pote yon bebe se nòmal tete fi sa pral pwodwi lèt pou timoun nan tete kidonk lè lèt la vini se pou yo bay timoun nan sa ki pou li a.

Advertisements

Depi lontan anpil spòt konn ap panse nan radyo pou ankouraje manman yo bay timoun yo tete sèlman 6 premye mwa apre timoun nan fèt, anpil rechèch pwouve ki gwo rezilta ki soti apre preyòd 6 mwa a. Genyen manman pitit ki konn menm rive sevre timoun nan 6 mwa apre li fin byen tete, selon sa pedyat yo di se pa yon pwoblèm, paske apre 6 mwa timoun nan kapab pran lòt manje pou byen di lòt kalite lèt. Tout medam yo sitou an Ayiti dwe bay timoun yo tete sèlman, se vre li pa twò fasil men si yo kenbe fèm yo ap wè rezilta a. Timoun nan te mèt fèt chetif depi li ap byen tete se nan yon bat je li ap vin devlope paske lèt manman ba li tout sa li bezwen pou li byen grandi. Bravo pou tout manman pitit nan peyi Dayiti ki pran kouraj ak pasyans pou bay pitit yo tete sèlman pandan 6 premye mwa  depi yo fèt.

Lèt manman se sa nèt se bay tibebe a li san grate tèt, nan yon bat je rezilta a vini. Medam pa neglije bay timoun yo tete.

Leave a Comment

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Login

Scroll to Top
%d bloggers like this: